Accessibility links

Breaking News

2èm Diskou Eta Inyon Prezidan Obama


Prezidan Obama (foto achiv)
Prezidan Obama (foto achiv)

Prezidan Etazini an, Barack Obama di li pral pwofite de diskou li sou Eta Inyon an devan kongrè a pou l pale sou kreyasyon travay ak kwasans ekonomik.

Nan yon videyo ki pibliye anvan diskou ki gen pou fèt madi 25 janvye 2011, Mesye Obama ofri yon ti apezi sou sa li gen pwojè pou l di.

Li ajoute Lezetazini pase nan youn nan tan ki pi difisil li janm viv depi “Gran depresyon an” avèk kriz ekonomik nan 2 zan ki pase yo e li note gen plizyè milyon ameriken ki toujou ap lite pou yo rekanpe sou pye yo.

XS
SM
MD
LG