Accessibility links

Breaking News

2 Mouvman Palestinyen Rival Jwenn yon Premye Akò pou yo Reyini


Azzam al-Ahmad agoch ki nan tèt gwoup Fatah a ak Mousa Abu Marzookki se yon manm Hamas REUTERS/Asmaa Waguih (EGYPT - Tags: POLITICS)
Azzam al-Ahmad agoch ki nan tèt gwoup Fatah a ak Mousa Abu Marzookki se yon manm Hamas REUTERS/Asmaa Waguih (EGYPT - Tags: POLITICS)

Nan Mwayen-Oryan, 2 mouvman palestinyen rival, Fatah ak Hamas, jwenn yon premye akò pou yo reyini.

Reprezantan 2 gwoup yo anonse akò a yè mèkredi 27 avril 2011 la sou yon inisyativ ki mande fòmasyon an yon sèl gouvènman pwovizwa apre pou genyen eleksyon prezidansyèl e lejislatif nan yon lane.

Se nan kèk chita-pale prive kote Egypt te sèvi kòm medyatè ke 2 fòmasyon yo jwenn antant sa a.

Nan fen jounen an, dirijan Hamas ak Fatah a rekonèt piblikman egzistans akò a nan yon konferans pou laprès nan vil Lekèr.

Pòtpawòl delegasyon mouvman Fatah a tou, Azzam al-Ahmad, deklare Inite Nasyonal palestinyen an se meyè zam devan sa li rele okipasyon Izrayèl la.

Lè popilasyon nan tèritwa palestinyen yo, k ap tann depi dèdizèn lane kreasyon yon Eta endepandan, aprann nouvèl akò a yo pran lari pou kriye “Ayibo”.

Nan peyi Izrayèl, premye minis Benjamin Netanyahu, deklare akò palestinyen an reprezante yon menas pou mouvman lapè Mwayen Noryan an ki nan yon enpas depi dè mwa akòz negosyatè yo pa kapab jwenn yon antant sou plizyè kesyon .

XS
SM
MD
LG