Paragwe kalifye ansanm ak Slovaki pou uityèm de final "Mondyal la" apre dènye rankont ki jwe nan gwoup F la. Malgre match nil 0 a 0 ak Nouvèl Zeland, paragueyen yo fini an premyè pozisyon nan gwoup F la ak 5 pwen. Sipriz jounen an, se viktwa 3 a 2 Slovaki ranpòte devan seleksyon Italyen an. Itali, ki te ranpòte koup dimond 2006 la, fini nan ke kamyonèt la ak 2 pwen. La Frans, ki te pèdi final 2006 la devan Itali, elimine tou.
Pita nan jounen an, Dànmak ap jwe ak Japon nan gwoup E a —yon rankont ki enpòtan pou 2 seleksyon yo ki gen 3 pwen yo chak. Nenpòt ekip ki ranpòte la viktwa ap kalifye pou pwochen tou a (gòl diferans ap detèmine seleksyon kap klase dezyèm nan gwoup la si yo fè match nil). Antrenè seleksyon Japon an, Takeshi Okada, rekonèt se pa yon rankont k ap fasil ni pou youn ni pou lòt nan 2 seleskyon yo. Kamewoun, ki matematikman elimine, ap rankontre lidè gwoup E a, la Oland ki gen 6 pwen.
Mèkredi 23 jen an, seleksyon nasyonal Angletè a ak 11 nasyonal Etazini dekwoke kalifikasyon yo pou uityèm de final la apre viktwa yo chak ranpòte nan gwoup C a. Angletè jwenn tikè l aprè yon viktwa 1 a 0 li ranpòte sou Sloveni. Etazini, li menm, kalifye tou gras ak yon gòl Landon Donovan make pandan de ekip yo tap jwe "arrêt de jeu" ak seleksyon nasyonal Aljeri a. Ameriken yo fini an premyè pozisyon nan gwoup la devan Angletè gras ak gòl diferans. Sloveni, ki vini an twazyèm pozisyon ak 4 pwen, elimine ansanm ak Aljeri ki, li menm, fini ak 1 grenn pwen.
Nan gwoup D a, seleksyon nasyonal Ghana a tonbe devan Almay epi Ostrali siprann Sèbi ak yon viktwa 2 a 1. Men sa pa anpeche Ghana kalifye ansanm avèk Almay.
Nan uityèm de final la kap kòmanse Samdi 26 jen an, Lezetazini pral rankontre Ghana (nap raple Gana te elimine Etazini nan koup dimond Almay 2006 la) epi Langletè ap rankontre Almay nan yon dyèl ant 2 pwisans foutbòl ewopeyen an. Ajantin pral rankontre Meksik epi Urugwe pral monte teren ak Kore di Sid.
Vandredi 25 jen an se pral tou pa gwoup G a ak gwoup H la, match k ap jwe nan 2 dènye gwoup sa yo ap mete fen nan premye faz koup dimond la. Nan gwoup G a Brezil ki gen 6 pwen pral fè fas ak Pòtigal ki klase 2èm avèk 4 pwen. Yon match nil ase pou 2 seleksyon yo kalifye pou 8èm de final la. Nan dezyèm rankont la, Kotdivwa ki gen 1 pwen ap rankontre Kore di Nò. Ivwaryen yo kapab kalifye si yo kale Nò Koreyen yo—akondisyon Brezil kale Pòtigal ak anpil gòl.
Nan gwoup H la, match kapital la se rankont Chili/Espay la. Chili, ki gen 6 pwen, bezwen yon viktwa ou yon match nil pou l pase nan dezyèm tou a—tou depan rezilta rankont Swis/Onduras la. Swis yo kapab kalifye si yo ranpòte la viktwa devan Onduras, men se pou Chili swa bat ou byen fè match nil ak Espay ki gen 3 pwen. Sityasyon an kapab konplike si Chili pèdi devan Espay epi la Swis kale Onduras. Sa pral vle di 3 seleksyon yo tap gen 6 pwen yo chak; donk gòl diferans tap gen pou detèmine 2 premye seleksyon k ap kalifye pou faz dechoukaj la.