Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Kandida Pati Repibliken an Patisipe Dimanch nan 2èm Deba yo nan 2 Jou


Ozetazini: Kandida Pati Repibliken an Patisipe Dimanch nan 2èm Deba yo nan 2 Jou
Ozetazini: Kandida Pati Repibliken an Patisipe Dimanch nan 2èm Deba yo nan 2 Jou

Ozetazini, 2 jou anvan dewoulman eleksyon primè Eta New Hampshire la (premye primè nan kanpay prezidanyèl 2012 la), 6 pi gwo kandida Pati Repibliken an te reyini, dimanch 8 janvye 2012 la, pou yo te patisipe nan 2èm deba yo nan 2 jou. Chak nan kandida yo eseye bay elektè yo rezon ki fè se li menm –e non pa yon lòt moun- ki kalifye pou repran La Mezon Blanch nan men Prezidan Barack Obama ki se yon demokrat.

Kandida ki devan nan sondaj yo, ansyen gouvènè Eta Massachussets Mitt Romney, defann dosye pèsonèl li e li lanse apèl bay Administrasyon Obama a pou mande l koupe sou depans federal yo olye li ogmante taks, jan gouvènman aktyèl la ap vle fè sa a. Misye Romney deklare :

“Repons nou dwe bay Lèzetazini an, se pa yon gouvènman ki pi gwo, men se yon gouvènman ki redui. Nou pa sispann ogmante gouvènman an pandan 20, 30, 40 dènye ane yo ; gouvènman an kontinye ogmante ak yon ritm ki pi rapid pase ritm enflasyon an. Nou fèt pou n sispann gwo kokenn depans n ap fè nan peyi sa a."

Deba a te genyen tou patisipasyon ansyen Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich, ansyen gouvènè Eta Utah, Jon Huntsman, aktyèl gouvènè Eta Tegzas la, Rick Perry, ansyen Eenatè Eta Pennsilvani, Rick Santorum, ak yon aktyèl depute Eta Tegzas, Ron Paul. Sou menm tèm depans federal yo –ki tounen yon refren nan kanpay la pou tout kandida repibliken yo-- Misye Santorum lanse kèk gwo kritik sou Administrasyon Obama a.

Rick Santorum di:

"Nou pa pral lage sou do jenerasyon k ap vini yo yon pwogram sekirite sosyal ki pa gen lajan ladan n. Nan moman n ap pale la a deja, li pa gen lajan ladan n. Se pou nou pran benefis moun ki ranpòte gwo siksè nan lavi a, sila yo ki deja granmoun e ki genyen gwo richès yo, se pou n pran benefis yo epi redui benefis sa yo."

Obsèvatè yo konsidere rezilta primè Eta New Hampshire la ki pral dewoule demen madi 10 janvye a, kòm yon eleman enpòtan pou fè konnen kilès nan kandida repibliken yo ki pral ranpòte nominasyon pati a

XS
SM
MD
LG