Accessibility links

Breaking News

Dominique Strauss-Kahn Ale nan yon Lòt Apatman Tanporèman


Nouvo apatman building kote Dominique Strauss-Kahn an rezidans siveye
Nouvo apatman building kote Dominique Strauss-Kahn an rezidans siveye

Ansyen Direktè Fon Monetè Entènasyonal la Dominique Strauss-Kahn ale nan yon lòt apatman tanporèman nan yon “zòn bacha” nan Nouyòk pou l tann pwosèl pou abi seksyèl.

Mesye Strauss-Kahn ki an “rezidans siveye” ale nan apatman sa a mèkredi 25 me 2011 la apre jij la te apwouve desizyon an .

Ansyen direktè FMI a ap an pèmanans anba je yon gad e l ap gen dwa kite apatman an sèlman pou l rankontre avoka l, pou rezon medical ou ankò pou li patisipe nan sèvis relijye.

Mesye Dominique Strauss-Kahn anba akizasyon kòmkwa li ta komèt abi seksyèl sou yon dam k ap travay nan yon otèl nan Nouyòk.

XS
SM
MD
LG