Accessibility links

Breaking News

Yo Arete Papa ak Frè Bonbis Manchester a nan Peyi Libi


Yon dam kap kriye apre li te fin depoze flè pou viktim nan estad Manchester yo, Grann Bretay, kote yon atak ak bonm te touye pou pipiti 22 moun nan konsè Ariana Grande a lendi 22 me pase a. (Foto: AP/Emilio Morenatti). 24 me 2017.
Yon dam kap kriye apre li te fin depoze flè pou viktim nan estad Manchester yo, Grann Bretay, kote yon atak ak bonm te touye pou pipiti 22 moun nan konsè Ariana Grande a lendi 22 me pase a. (Foto: AP/Emilio Morenatti). 24 me 2017.

Pòtpawòl fòs anti-teworis yo nan peyi Libi, Ahmed Bin Salem, fè konnen otorite yo arete yon frè ansanm ak papa swadizan bonbis kamikaz ki te fè atak nan vil Manchester a, Grann Bretay, ki rele Salman Abedi e ki gen 22 zan sou tèt li.

Pòtpawòl la di ti frè atakan suisid prezime a, Hashim nan men otorite yo kounye a, e yo arete l nan kapital libyèn nan, Tripoli, madi 23 me 2017 la. Mesye Bin Salem di ajans nouvèl Reuters ke 2 frè yo te rete an kontak, sa pa gen lontan, e Hashim te konnen gran frè a tap planifye yon atak nan sans sa a sou teritwa britanik la.

Pòtpawòl fòs anti-teworis libyen nan kontinye pou l di: "Nou gen prèv ki montre li menm ak defen frè a, se manm gwoup Eta Islamik la, paske nou tap suiv yo tou lè 2 depi yon mwa edmi.

Pandanstan Grand Bretay chanje alèt teworis nan nivo sevè pou plase li nan nivo kritik pou la premyè fwa depi yon dizèn lane. Premye minis britanik la, Theresa May, di desizyon sa a, responsab yo pran an nan sant analiz la se yon fason pou rive mete kontwòl pou jan de zak latèrè sa yo pa repete nan peyi a.

Mezi sa a rive apre nonm otorite yo idantifye a te fè yon atak sovaj, lendi swa 22 me 2017 la, kote li ekploze tèt li nan estad Manchester a nan nò peyi Angletè. Pou pipiti, 22 moun te pèdi lavi yo e plizyè dizèn lòt te soti blese. Eksplozyon an fèt nan moman chantè vedèt amerikèn, Ariana Grande, te fèk fin pèfòme nan prezans yon bann timoun piti ki te nan estad la. Nouvèl yo rapòte plizyè timoun pami viktim yo.

XS
SM
MD
LG