Accessibility links

Breaking News

Apple Anonse iPhone 14, Nouvo Mont


Direkte Jeneral Apple la, Tim Cook kenbe nouvo iPhone 14 la pandan yon evenman nan Cupertino, Kalifoni pou prezante nouvo pwodwi Apple yo, 7 Sept. 2022.
Direkte Jeneral Apple la, Tim Cook kenbe nouvo iPhone 14 la pandan yon evenman nan Cupertino, Kalifoni pou prezante nouvo pwodwi Apple yo, 7 Sept. 2022.

PDG Apple la, Tim Cook devwale Mekredi nouvo modèl iPhone yo ki gen kapasite pou sèvi ak satelit pou voye mesaj dijans. Li anonse tou nouvo mont ki fèt espesyalman pou moun ki renmen avanti epi nouvo AirPòd.

Tim Cook di: "Nou kreye pyès espesyal ak lojisyèl presi pou pèmèt antèn iPhone 14 yo konekte ak fekans espesyal satelit."

Pandan evenman Apple la ki te gen kòm tèm "Far Out" savledi "Byen Lwen" (men nan jagon lajenès Amerikèn nan se yon fason tou pou di yon bagay cool a mò), Apple di nouvo teknoloji satellite SOS li a pral ede moun voye ak resevwa mesaj sekouris yo menm si sevis telefon mobil pa disponib.

Yon responsab Apple esplike: "Nou kreye yon algoritm ki voye teks tou kout pou redwi pa 3 dimansyon mesaj teks nomal yo. Gras ak algoritm sa a li ka pranmwenske 15 segond pou voye yon mesaj si ou ka wè syèl la klèman."

Nouvo telefon entelijan iPhone 14 Apple la.
Nouvo telefon entelijan iPhone 14 Apple la.

Aksyon konpayi Globalstar ogmante 20% Mekredi apre anons Apple fè pou di li pral prensipal operatè satelit pou sèvis SOS dijans li a.

iPhone 14 la vini tou ak yon nouvo kapasite pou detekte yon efondman, epi yon kamera ki pi pèfeksyone.

Men moun ap mande eskè konsomatè yo pral achte nouvo modèl sa yo lèw konsidere to enflasyon an? iPhone 14 la pral vann pou $799 epi iPhone Plus la limenm komanse a $899.

Apple devwale yon triyo mont tou - pami yo Apple Watch Ultra - yon mont ki vize moun ki renmen avanti ak spo ekstrèm epi plonje byen fon nan lanmè.

Apple di mont Ultra li a esansyèl pou fè nempot ki bagay - "nempot ki bagay nan ka seri 8 mont Apple yo vle di - gen yon kaptè ki travay retwoaktivman pou detekte ovulasyon.

Malgre kèk moun gen kè sote pou entèferans teknoloji a taka fè ak vi prive yo, Apple ensiste pou di li pa gen kapasite pou'l dechifre done ki gen rapo ak sante itilizatè yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press.

XS
SM
MD
LG