Accessibility links

Breaking News

Konpayi Teknoloji Avanse APPLE Ap Pare pou l Devwale Nouvo Iphone li a


Prezidan konpayi telefò entèlijan Apple a, Tim Cook.
Prezidan konpayi telefò entèlijan Apple a, Tim Cook.

Konpayi teknoloji avanse APPLE ap pare pou l devwale nouvo Iphone li a, yon modèl ki popilè anpil nan lemond, swa 10 zan apre defen Steve Jobs te pwopoze sistèm telefòn entelijan sa a sou mache mondyal la.

Nouvèl ki pran lari anvan sou nouvo aparèy la sijere li pral genyen yon rezolisyon pi puisan, e li pral kapab pran chaj san fil, e li pral kapap distenge figi moun, pou nou site amelyorasyon sa yo senplemean.

Evènman pou devwale nouvo IPHONE nan pral dewoule nan katye jeneral konpayi APPLE la, ki gen fòm yon navèt espasyal nan eta kalifòni. Nouvo modèl sa a byen kapab koute anviwon 900 dola alòske vèsyon Iphone 7 la te koute 769 dola limenm lè li te fenk parèt sou mache entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG