Accessibility links

Breaking News

Samsung devwale Nouvo Telefòn Galaxy S li yo


Nouvo telefon Samsung Galaxy S22 yo.
Nouvo telefon Samsung Galaxy S22 yo.

Samsung fèk devwale nouvo telefòn Galaxy S li yo.

Samsung ap eseye reprann sa'l te pèdi fas ak lot konpayi telefòn entelijan ki sou mache a.

Malgre telefòn Galaxy S22 yo gen kèk amelyorasyon, konparativman ak model ane pase a, diferans la pa dramatik.

Samsung ap mete aksan sou videyo ki gen koule ki pi vif epi ki pi stab.

Petèt youn nan chanjman pi remakab yo se yon kreyon ki kole ak telefon nan ke moun ka sevi pou ekri sou ekran an.

Telefon entelijan Samsung Galaxy S22 Ultra a gen yon S-Pen (kreyon) ki tache ave'l.
Telefon entelijan Samsung Galaxy S22 Ultra a gen yon S-Pen (kreyon) ki tache ave'l.

Allison Johnson se yon ekspè nan telefon entelijan. Li travay pou The Verge.

"Pou Samsung, o pwend vi biznis, yo te gen yon paket telefòn entelijan e akoz rate chip yo ak sityasyon livrezon machandiz la kap fè fas ak anpil pwoblèm kounyea, li te fè sans pou yo diminye sou kantite telefòn yap pwodui e klèman yo panse gen anpil demann pou telefòn ki gen kreyon. Gen anpil fanatik stil telefòn sa yo ke mwen kwè ap kontan we nouvo Samsung la," li deklare.

Modèl Ultra sa a pral vann pou $1,200 Ameriken.

Model standa Galaxy S22 a vann pou $800 Ameriken. Galaxy S Plus la vann pou $1,000 e yo pa vini ak kreyon an yomenm.

Alison Johnson bay nouvo modèl Samsung yo yon kout pous.

"Pesonelman mwen kwe li cool. Mwen ta renmen konnen si lantiy yo soti yon ti kras plis - paske sa taka lakoz li kwoche sou pòch ou e li taka yon bagay ki jennan, men bravo Samsung ki di ki mele nou si lantiy kamera a relve," li deklare.

Samsung dominen 18 % mache global telefòn entelijan yo kounyela a, tandiske Apple limenm kontwole 72 %.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG