Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, lanse apèl bay peyi afriken yo pou l mande yo koupe relasyon yo ak lidè libyen an, Kolonèl Moammar Gadhafi, epi egzije pou misye kite pouvwa a.
Chèf diplomasi amerikèn nan lanse apèl sa a nan yon diskou li fè lendi 13 jen 2011 la nan katye-jeneral Inyon Afrikèn nan nan vil Adis Abeba, kapital Etyopi, anvan li te mete fen anvan lè nan yon toune li t ap fè sou kontinan afriken an, akoz sann k ap sòti nan yon vòlkan ki antre ann eripsyon nan peyi Eritre ki tou prè Etyopi.
Pandan Madam Clinton t ap pale devan lidè afriken yo ki te reyini nan kapital Etyopi a, li deklare Gadhafi pèdi tout lejitimite pou l dirije Libi, e li bay dirijan afriken yo konsèy pou yo mande yon bon jan seselfe epi pote apui yo bay Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, yon gouvènman rebèl libyen yo mete sou pye.