Accessibility links

Breaking News

Apèl Pou Arete lidè Libyen an, Moammar Gadhafi


La Wot Kou Entènasyonal Jistis
La Wot Kou Entènasyonal Jistis

Jij ki nan La Wot Kou Entènasyonal Jistis la genyen pou yo pran yon desizyon sou kesyon pou konnen èske yo dwe lanse manda-darè dèyè kolonèl Moammar Gadhafi , lidè libyen an, ak 2 asistan li plis fè konfyans yo, sou akizasyon dèske yo komèt krim de gè.

Tribinal la -ki nan vil Lahè, nan peyi La Oland- genyen pou li anonse desizyon jij yo lendi 27 jen 2011 la.

Komisè Wot Kou de Jistis la, Luis Moreno-Ocampo, te mande manda darè sa yo kont misye Gadhafi , yon pitit-gason n ki rele Seif al-Islam, ak chèf sèvis sekrè libyen an, Abdoula al-Senussis.

Misye Moreno-Ocampo fè konnen kolonèl Gadhafi ak rejim li a te lanse atak sou manifestan, e yo te bay fran-tirè lòd pou yo ouvè kout-zam sou sivil ki t ap sòti nan Moske pandan operasyon sere-boulon gouvènman an te lanse kont rebèl ki t ap chache ranvèse rejim nan.

XS
SM
MD
LG