Accessibility links

Breaking News

Apèl Pakistan Bay Etazini


Apèl Pakistan Bay Etazini
Apèl Pakistan Bay Etazini

Premye minis pakistanè a, Yousuf Raza Gilani lanse apèl pou mande yon fen nan atak amerikèn ak avyon telegide (sa vle di avyon ki pa gen pilot ladan l) , lè l di Etazini ta dwe pataje ransèyman yo ak otorite yo pou Pakistan kapab pran aksyon kont teworis ki sou teritwa l yo.

Mesye Gilani pale konsa lendi 18 avril 2011 la ak prezidan Chanm reprezantan an , John Boehner ki nan tèt yon delegasyon amerikèn ki twouve l nan Islamabad .

Responsab ameriken yo ap fè vizit sa a nan moman genyen yon tansyon nan relasyon Etazini ak Pakistan apre arestasyon yon ajan CIA nan Pakistan ak yon seri atak motèl ak avyon san pilòt Etazini fè nan nòdès peyi a e ak yon rapò Lamezon Blanch fè soti kote li kritike responsab Islamabad yo ki pa fè ase nan lit kont teworism nan.

XS
SM
MD
LG