Lig Arab la lanse apèl pou gen yon chanjman tou suit nan peyi Siri; li ankouraje prezidan Bashar al-Assad pou l mete fen nan operasyon sere-boulon vyolan li lanse kont opozan ni yo e pou l tanmen yon dyalòg nasyonal.
Minis afè etranjè arab yo ki t ap rankontre nan vil Le Kèr mande pou otorite siryen yo aplike mezi yo te antann sou yo a pandan yon vizit sekretè jeneral Lig Arab la te fè nan Damas semèn pase a.
Minis afè etranjè Qatar la, Hamad bin Jassim al-Thani ki te prezide rankont sa a deklare sitiyasyon ki gen kounye la a nan Siri a rete trè kritik e Damas dwe sispann sa li rele machinn lanmò a.