Accessibility links

Breaking News

Anvwaye Espesyal Kofi Annan ap Prezante yon Rapò sou Siri


Kofi Annan (a goch)
Kofi Annan (a goch)

Anvwaye entènasyonal espesyal Kofi Annan genyen pou l prezante yon rapò vandredi 16 mas 2012 la devan Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyon Zini sou efò li fèk fè pou l sèvi kòm medyatè nan sitiyasyon an nan Siri, nan moman kriz la antre nan 2èm ane li nan peyi sa a e moun poko wè ki kote yon solisyon lapè ap sòti. Misye Annan –ki se anvwaye espesyal ni l'ONU ni Lig Arab la pou Siri-- genyen pou l pale pa video ak manm Konsèy la; rapò l ap fè a ap enpò̈tan pou avni efò mond oksidantal la ap deplwaye pou l'ONU adopte yon rezolisyon ki kondane operasyon sere-boulon rejim Prezidan Bashar al-Assad la lanse kont disidan yo nan Siri.

XS
SM
MD
LG