Accessibility links

Breaking News

Antreprenè Kiben yo Mande Biden Pou l Leve Sanksyon yo


Biden
Biden

Plizyè santèn antreprenè Kiben mande, nan yon lèt yo voye bay Prezidan Ameriken an Joe Biden, pou leve sanksyon ekonomik kont zile gouvènman kominis la.

Nan lèt sa a 247 chèf konpayi prive ak koperativ te di "Atravè biznis nou yo, nou fè efò pou konstwi yon avni ekonomik solid pou fanmi nou pou antreprenè Kiben yo pa santi yo bezwen emigre nan on lot peyi pou yo gen travay.

"Sepandan, politik Ameriken aktyèl la vizavi Kiba afekte aktivite biznis nou yo anpil chak jou, epi sa anpeche kapasite nou pou n pwospere," malgre pwomès kanpay Prezidan Biden te fè, 243 sanksyon ki te enpoze anba Donald Trump, toujou la.

Pandan kanpay li a, Biden te ensiste sou nesesite pou yon "nouvo politik vizavi Kiba" epi li te soulve lide pou leve restriksyon sou vwayaj touris Ameriken yo nan zile a, ak sou transfè lajan ant senp sitwayen. Men, li poko chanje okenn nan mezi sa yo.

"Nou mande w pou pran mezi sa yo imedyatman : retabli transfè lajan ant sitwayen, louvri posibilite pou moun ka vwayaje, relouvri anbasad la nan Lahavàn epi retire Kiba sou lis peyi ki soutire teworis ".

Sektè prive Kiben an te fè yon bel eksperyans nan moman rapwòchman istorik ant 2014 ak 2016 sou manda Barack Obama men se te pou on kout dire.

Pandemi kowonavirus la, mete Kiba nan pi move kriz ekonomik li konstate depi 1993, ki fòse plis pase 250,000 travayè antrepriz prive sispann aktivite yo.

XS
SM
MD
LG