Accessibility links

Breaking News

Antony Blinken nan Wout pou Ostrali


FILE - U.S. Secretary of State Antony Blinken waves as he departs for a foreign trip, at Andrews Air Force Base, Maryland, Jan. 18, 2022.
FILE - U.S. Secretary of State Antony Blinken waves as he departs for a foreign trip, at Andrews Air Force Base, Maryland, Jan. 18, 2022.

Sekretè d'Eta Etazini Antony Blinken nan wout pou Ostrali jodi lendi a pou asiste rankont ministeryèl Quad la, pou avanse kowoperasyon sou kesyon ki gen rapò Ak sekirite maritim ak sekirite sibenetik tandiske lap repouse agresyon ak kontrent nan rejyon Pasifik la.

Quad la refere a dialog sekirite ki gen ladann Australi, End, Japon ak Etazini.

Vizit Blinken an’Ostrali a ap komanse a pati 9 fevriye pou-l fini 12 fevriye se pral premye vwayaj li lot bò a apre yon patenarya sekirite trilateral ranfòse ke yo konnen sou non Aukus –Ostrali, Wayon Uni ak Etazini ke yo te anonse nan mwa septanm pase. Antant sa a gen ladann yon akò pou develope soumaren a propulsion nikleyè pou Ostrali ki pa yon manb G-7 nan kad disuazyon ranfose

Sekretè deta Blinken pral rankontre avek premye minis Scott Morrison, minis afè etranjè Marise Payne. Minis afè etranjè japonè Hayashi Yoshimasa, Minis afè extern endyen Subrahmanyam Jaishankar e ak kèk lot otorite wo plase pou diskite sou yon kantite priyorite bilateral e mondyal daprè yon komunike Depatman deta publiye vandredi ki sot pase a.

XS
SM
MD
LG