Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai, te jwenn ak moun ki te nan fineray ansyen prezidan Burrhanuddin Rabbani, ki pèdi lavi l madi 20 septanm 2011 la lè yon asayan suisid te kache yon bonm anba turban li e te fè konprann li pote yon mesaj lapè Mouvman Taliban an.
Msye Karzai ajoute se “responsablite pa nou” pou nou aji kont moun ki se « lennmi lapè ». Se konsa Msye Karzai te pale lè l tap rann omaj pou Msye Rabbani nan palè prezidansyèl la nan Kaboul.