Accessibility links

Breaking News

Anpil Moun nan Libi Bezwen Asistans Dijans Medikal


Anpil Moun nan Libi Bezwen Asistans Dijans Medikal
Anpil Moun nan Libi Bezwen Asistans Dijans Medikal

Ajans asistans imanitè Nasyonzini yo di moun ki ap viv nan plizyè pati nan kapital Libi a, Tripoli, bezwen asistans dijans akoz konfli ki genyen nan peyi sa a.

Nasyonzini di ekipman medikal tankou vaksen ap diminye seriezman e rezidan yo ap fè fas a karans gazolinn e ak elektrisite.

Li ajoute pri manje monte 17 wotè e gen anpil kè sote pou pwovizyon alimanté si konfli a kontinye.

Anvwaye Nasyonzini nan Libi a gen pou l rankontre ak otorite yo nan Tripoli pou yo diskite sou efò pou jwen yon solisyon politik nan kriz la.

Abdel –Elah Al Khatib te fè kè chita-tande lendi 25 jiyè 2011 la avèk lidè opozisyon an nan vil Benghazi. Gouvènman libyen an akize L’OTAN dèske li bonbade yon lopital pandan yon atak ayeryen li te lanse e ki touye 7 moun.

XS
SM
MD
LG