Accessibility links

Breaking News

Antèman Ansyen Sekretè Jeneral l'ONU, Kofi Annan, dewoule nan Peyi li, Gana, an Prezans Plizyè Milye Moun

Sòlda ganeyen ki t ap pote sèkèy ansyen Sekretè Jeneral l'ONU, Kofi Annan, ki te vlope ak drapo nasyonal Gana a aprè antèman li te fin chante nan Sant Konferans Entènasyonal Gana a nan vil Accra, kapital peyi a, jedi 13 septanm 2018.

Seremoni antèman ofisyèl ansyen sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini, Kofii Annan, dewoule nan peyi natal li, Gana, jedi 13 septanm 2018 la, an prezans divès lidè ak diyitè mondyal. Aktyèl sekretè jeneral l'ONU an, Antonio Guterres, te asiste seremoni an ansanm avèk lidè peyi Zimbabwe, Kot-Divwa, Liberya ak Niger, plis prens eritye peyi Lanòvèj la ak kèk ansyen prezidan ganenyen.

6 mil moun, ki te abiye tou de nwa pou yo onore defen an, te rasanble nan oditoryòm Sant Konferans Entènasyonal Gana a, nan vil Accra, kote yo te ekspoze kò a ki te vlope ak drapo ganeyen an. Otorite yo te mete gwo ekran an deyò oditoryòm nan pou moun ki pa t jwenn plas anndan an.

Kèk militan defans dwamoun ki te soti nan peyi Pakistan pou yo asiste antèman an, te limen chandèl nan oditoryom nan kote moun te ka wè yon gwo foto defen Kofi Annan.
Kèk militan defans dwamoun ki te soti nan peyi Pakistan pou yo asiste antèman an, te limen chandèl nan oditoryom nan kote moun te ka wè yon gwo foto defen Kofi Annan.

Nan yon diskou Sekretè Jeneral Guterres fè nan sikonstans la, li deklare:

<<Li te yon lidè mondyal eksepsyonèl; an menm tan tout moun nan lemond pratikman te ka wè pwòp tèt yo nan li menm: sila yo ki t ap viv nan yon povrete ekstrèm, nan konfli ak dezespwa e ki te jwenn yon alye nan li; jenn anplwaye l'ONU yo t ap swiv egzanp li; jenn moun ki te resevwa nan men li, menm nan moman li ta pral rann dènye soupi li, konsèy tankou: "Toujou sonje sa : Ou pa jann twò jenn pou w dirije -- e nou pa janm twò granmoun pou nou aprann." >>

Kofi Annan te sèvi kòm Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini ant 1997 e 2006. Se premye moun nwa ki dirije òganizasyon mondyal la.

XS
SM
MD
LG