Accessibility links

Breaking News

Ann Ejip, Pèp Souvren Kontinye Mande Demisyon Gouvènman Militè a


(AP Photo/Bela Szandelszky)
(AP Photo/Bela Szandelszky)

Nan peyi Lejipt, plizyè milye moun rasanble sou Plas Tahrir la nan kapital la, Lekèr, kote yo espere gwo prezans masif sa a va voye yon mesaj klè bay manm konsèy militè ki sou pouvwa a.

Òganizatè yo te lanse apèl pou yo mande sa yo rele «yon mach yon milyon moun » pou vandredi 25 novanm nan, kòm presyon sou konsèy la pou l remèt pouvwa a bay yon gouvènman sivil.

Kèk nan manifestan yo rive menm di yo konsidere gwo demonstrasyon fòs popilè sa a kom dènye chans konsèy la genyen pou l poze aksyon li dwe poze a, sètadi kite pouvwa a.

Manifestan ki pi radikal yo pale pou yo di yo pa gen pyès entansyon pati kite plas Tahrir la toutotan yo pa jwenn sa y ap reklame a.

Youn nan yo se Saber Saad ki di:

“Nou pap kite plas Sahir la toutotan nou pa rejwenn diyite nou. Se twòp atò. N ap soufri twòp; se goumen pèp la ap goumen pou l jwenn manje."

Pandansetan, manifestan ejipsyen yo ap jwenn plis apui nan men kominote entènasyonal la, tankou Lèzetazini pa egzanp.

Se konsa Washington pale vandredi a pou l di La Mezon Blanch deklare dirijan militè ejipsyen yo fèt pou akselere pwosesis tranzisyon k ap pèmèt yon gouvènman sivil monte sou pouvwa a.

Konfwontasyon vyolan ki rekòmanse ant sivil ejipsyen ak fòs sekirite yo koze lanmò 35 moun pou pi piti.

XS
SM
MD
LG