Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Jistis: Ankèt yon Komisyon Chanm Bas la sou Lanmò Jij Jean Serge Joseph ap Kontinye


Madam Lajistis
Madam Lajistis
Ann Ayiti, lanmò Jij Jean Serge Joseph kontinye domine aktyalite a. Komisyon d ankèt chanm depite a kòmanse travay sou dosye a. Se youn nan 3 komisyon kap mennen ankèt sou lanmò jij la ki te responsab enstriksyon yon envestigasyon sou akizasyon kòmkwa fanmi prezidansyèl la –pi presizeman Premyè Dam nan, Sophia Martelly, ak yon pitit-gason li, Olivier Martelly- ta mal jere lajan yon òganizasyon yap administre e kap fonksyone ak fon leta.

Pandan responsab 2 nan 3 entite kap mennen ankèt sou dosye a (an palan de Sena avèk CSPJ) poko pare pou pale ak laprès, youn nan manm komisyon d ankèt chanm bas la, Depite Sadrac Dieudonné, di Lavwadlamerik komisyon an deja tande 2 temwen enpòtan. Pou sa k gen rapò ak rezilta otopsi kadav defen jij la, manm Lafanmi Joseph pwomèt pou yo mete rezilta sa yo a la dispozisyon komisyon an.
Klike sou “audio” pou w tande yon entèvyou Depite Dieudonné bay Jean-Pierre Leroy
XS
SM
MD
LG