Accessibility links

Breaking News

Manm Demokrat Kongrè Ameriken an Egzije yon Ankèt Federal sou "Britalite Lapolis"


Lokal Kongrè ameriken an nan Washington, D.C.
Lokal Kongrè ameriken an nan Washington, D.C.

Ozetazini manm demokrat Kongrè a mande pou otorite federal ki la pou fè respekte lalwa mennen ankèt pou konnen si lapolis pa t vyole lalwa lè yo t ap mete kontwòl sou manifestan ki t ap pwoteste devan La Mezon Blanch semèn pase a. Demand sa a parèt nan yon lèt ki al jwenn enspektè jeneral Depatman Enteryè a, Mark Lee Greenblatt, madi 9 jen an. Pòtpawòl enspektè jeneral la, Nancy DiPaolo, fè laprès konnen otorite yo fèk kòmanse analize demand la.

Kò polis ki responsab sekirite pak nasyonal yo ak plas piblik yo, ansanm avèk manm lòt ajans sèvis dòd, te lanse kout pwodui chimik sou manifestan yo ak jounalis ki t ap kouvri evennman an; yo te vide kout pwen ak kout kowomakak sou yo pou polisye yo te kapab fè moun yo pati kite perimèt Plas Lafayette la ki tou prè Palè Mezon Blanch la nan dat lendi premye jen pase a, nan moman mouvman manifestasyon te gaye toupatou atravè peyi a apre lanmò nwa-ameriken George Floyd pandan li te anba men lapolis. Otorite nan administrasyon Trump la demanti pawòl ki di polisye yo te aji konsa pou yo te kapab fè manifestan yo bay teren an blanch, pou yo te prepare zòn nan pou Prezidan Donald Trump te pase al fè foto piblisite nan yon legliz ki tou prè a.

Manm Kongrè a ki fè demand pou otorite lajistis federal yo mennen ankèt sou ensidan an se: Senatè Ron Wyden, Demokrat Eta Oregon; Depite Demokrat Eta Arizona Raul GriJaval, ki se prezidan Komisyon Resous Natirèl nan Chanm Bas la; avèk Depite Demokrat Eta Nouvo Meksik, Debra Haaland, vis-prezidant Komisyon Resous Natirèl Lachanm nan.

XS
SM
MD
LG