Accessibility links

Breaking News

Fiziyad ann Almay. Bilan 9 Mò. Chanselye Merkel Denonse "Ektremis Zèl Dwat Rasis yo"


Espesyalis nan kesyon lejis ap enspekte yon machin apre fiziyad ki fèt nan vil Hanau, ann Almay, e ki koze lanmò 9 moun nan dat 20 fevriye 2020 an.
Espesyalis nan kesyon lejis ap enspekte yon machin apre fiziyad ki fèt nan vil Hanau, ann Almay, e ki koze lanmò 9 moun nan dat 20 fevriye 2020 an.

Nan Peyi Lalmay chanselye Angela Merkel deklare, nan jounen jedi 20 fevriye a, “gen anpil siyn ki montre” yon moun yo sispèk kòm responsab yon seri de fiziyad ki fèt nan vil Hanau te aji konsa “paske l se yon ektremis zèldwat e rasis”. Madam Merkel ajoute: “Rasism se yon pwazon. Lahèn se yon pwazon. Pwazon sa a egziste nan sosyete nou an e se li ki responsab pou yon kantite krim; yon kantite ki deja depase limit.”

Lapolis fè konnen yon nèg ame ouvè kout-zam nan 2 bar nan Hanau, a lès vil Frankfurt, kote kèk imigran te reyini; li touye 9 moun e li blese plizyè lòt. Daprè yon pòtpawòl lapolis, temwen idantifye yon machin atakan an te ilize, sa ki pèmèt anketè yo dekouvri adrès sispèk la. Menm sous la di yo jwenn 2 kadav nan apatman an, youn nan yo sanble se kò sispèk la e otorite yo panse lòt la se kadav manman li.

Chanselye alman an, Angela Merkel, ki t ap reyaji nan biwo li nan Bèlen, aprè fiziyad ki fèt nan vil Hanau, pati santral Lalmay, jedi 20 fevriye 2020 an.
Chanselye alman an, Angela Merkel, ki t ap reyaji nan biwo li nan Bèlen, aprè fiziyad ki fèt nan vil Hanau, pati santral Lalmay, jedi 20 fevriye 2020 an.

Chanselye a pran yon angajman fòmèl pou leta fè tout sa k posib pou l mennen ankèt sou fiziyad yo; li fè konnen se “yon jou tris” pou peyi a. Li fini pa di:

“Gouvènman alman an ak tout enstitisyon leta yo kanpe pou yo defann dwa ak diyite chak grenn kretyen vivan nan peyi nou an. Nou pa baze nou sou orijin ou relijyon sitwayen nou yo pou n fè diferans antre yo. Nou pral konfwonte yon fason deside e avèk fòs tout sila yo k ap eseye lage divizyon ann Almay.”

XS
SM
MD
LG