Accessibility links

Breaking News

Nan Washington D.C., Diplomat yo Montre Anpil Enterè pou Eleksyon Prezidansyèl la


Daniel Mulhall, ambasadè Peyi Iland nan Washington.
Daniel Mulhall, ambasadè Peyi Iland nan Washington.

Daniel Mulhall, ambasadè Peyi Iland Ozetazini, di Lavwadlamerik eleksyon prezidansyel ameriken an enterese diplomat yo anpil.

Obsèvatè entènasyonal yo te swiv -e yo kontinye swiv -evolisyon eleksyon an Ozetazini avèk anpil enterè, paske se avèk yon gwo enpasyans y ap tann pou wè ki direksyon sipè-puisans mondyal la pral pran nan lavni imedya. Konsa, nan anpil peyi nan lemond moun yo bezwen konnen enpresyon diplomat yo ki an pòs nan Washington genyen sou eleksyon an.

San di pètèt, eleksyon ane sa a kreye anpil fristrasyon pou anbasadè sa yo, ki vin gen mwens kapasite pou yo obsève dewoulman vòt la oubyen pou yo òganize fèt nan lokal misyon diplomatik yo pandan sware eleksyon an akoz restriksyon yo oblije respekte nan peryòd kowonaviris la. Sepandan, sa pa rive diminye nivo atansyon yo bay evennman sa ki rive chak 4 tran.

Yon kat ki montre rezilta eleksyon prezidandsyèl la Ozetazini. Wouj se repibliken; ble se demokrat; gri se eta kote poko genyen yon venkè.
Yon kat ki montre rezilta eleksyon prezidandsyèl la Ozetazini. Wouj se repibliken; ble se demokrat; gri se eta kote poko genyen yon venkè.

Sa nou sòt di la rezime opinyon Anbasadè Daniel Mulhall, chèf misyon diplomatik peyi Iland Ozetazini. Nan yon entèvyou diplomat la bay Lavwadlamerik, li deklare:

“Mwen eseye genyen yon trè bon ide sou dewoulman eleksyon an san m pa t bezwen sòti deyo. Pou sa, mwen te konte sitou sou kontak mwen pran avèk laprès, ak analis kesyon elektoral yo, epi avèk lot moun ki gen bon koneksyon avèk tou le 2 gwo pati yo.”

“Moun yo nan Peyi Irland, e menm lòt kote sou kontinan ewopeyen an, pran politik amerikèn nan oserye annpil. Lè m ap pale ak ilandè yo nan telefòn, mwen fin pa rann tèt mwen kont ke yo okouran de anpil bagay k ap pase Ozetazini. Moun yo ekstrèmman byen enfòme, e sa fè travay mwen vin pi fasil. Mwen pa genyen pou m bay konsitwayen m yo nan Iland twòp eksplikasyon sou sa k ap fèt Ozetazini, sitou pa sou dewoulman eleksyon an”.

XS
SM
MD
LG