NEW YORK —
Anbasadè Larisi nan Nasyon Zini, Vitaly Churkin, mouri nan laj 64 lane.
Ministè Afè Etranjè Larisi a pibliye yon kominike ki di ke Mesye Churkin mouri “mò sibit” nan New York lendi 20 fevriye 2017 la, yon jou anvan li fete 65èm anivèsè li.
Ministè a voye “kondoyans pi pwofon" li bay fanmi ak zanmi Mesye Churkin, e kalifye l kòm “yon gwo diplomat ris."
Veteran diplomat la te tanmen karyè li nan ane 1970 yo lè l te travay nan Jenèv an Swis an 1974 kòm tradiktè pandan negosyasyon Etazini ak Inyon Sovyetik yo pou 2èm Trete sou Limitasyon Zam Estratejik yo Ameriken rele START 2. Tou le 2 pati yo te siyen trete a an 1979.
Msye Churkin te anbasadè Larisi nan l ONU depi 2006.