Accessibility links

Breaking News

Anbasadè britanik la nan Washington Kim Darroch Demisyone


Anbasadè britanik, Kim Darroch Foto achiv: 20 oktòb 2017
Anbasadè britanik, Kim Darroch Foto achiv: 20 oktòb 2017

Anbasadè britanik la nan Washington Kim Darroch bay demisyon l byen bonè mèkredi 10 jiyè a. Li di li vin "enposib" pou l kontinye fè travay li aprè yon korespondans diplomatik li te ekri pou l kritike prezidan Donald Trump te fuite.

M. Darroch di nan yon deklarasyon: "Menmsi misyon mwen pa sipoze pran fen anvan ane a bout, mwen panse sikonstans aktyèl yo mande pou m kite yo nonmen yon lòt anbasadè."

Li okipe pòs chèf misyon diplomatik britanik la Ozetazini depi ane 2016. Nan korespondans anbasadè a, li dekri Prrezidan Trump kòm yon "enkapab, "san konfyans nan tèt li", e yon "enkonpetan"; tandiske li di administrasyon Trump la "totalman innefikas"...

Prezidan Trump, ki reponn sou kont Twitter li, di Anbasadè Darroch se "yon nonm ki enbesil anpil", e "yon moun fou ki bezwen parèt". Anvan anons demisyon anbasadè a, Misye Trump te di li pa ta pral pran okenn kontak avèk li ankò.

Korespondans ki fuite yo te sipoze al jwenn sèlman manm wo-plase nan gouvènman britanik la ak fonksyonè sivil enpòtan; men otorite yo panse yo pral jwenn moun ki mete afè a deyò a nan sen politisyen britanik yo e non nan mitan yon gouvènman etranje.

XS
SM
MD
LG