Devan kriz politik e elektoral k ap sakaje peyi Dayiti, klas politik la ak egzekitif la twouve yo “dozado” sitou ak pozisyon Prezidan Préval la ki pa ekate posibilite pou l ta rete sou pouvwa apre 7 fevriye.
Pandansetan yon gwoup enpòtan nan sektè politik la ap mande konsètasyon e anilasyon eleksyon 28 novanm nan alòske gen yon gwoup ekspè OEA ki nan peyi depi semèn pase a kote y ap fè yon travay verifikasyon sou rezilta premye tou eleksyon yo.
Analis politik Jean Robert Simonise analize situasyon politik la ann Ayiti nan mikwo Jacquelin Bélizaire.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jacquelin Bélizaire ak Jean Robert Simonise.