Accessibility links

Breaking News

Marine Le Pen, Kandida Alaprezidans an Frans Anba Akizasyon Akoz li Te Pibliye sou Rezo Sosyal li “Imaj ki Gen Vyolans”


Marine Le Pen, kandida pou pòs prezidan an Frans 2017 pandan li tap vizite montay Saint Michel, Frans, 27 fevriye 2017. Foto: REUTERS/Stephane Mahe.
Marine Le Pen, kandida pou pòs prezidan an Frans 2017 pandan li tap vizite montay Saint Michel, Frans, 27 fevriye 2017. Foto: REUTERS/Stephane Mahe.

Advèsè politik Madam Le Pen yo repwoche l akoz li te fè parèt sou 3 Kont medya sosyal li an 2015, imaj ki montre asasinay gwoup Eta Islamik la t ap komèt.

Nan dat 2 mas 2017 la, majorite palmantè fransè yo vote pou wete iminite kòlèg yo, Marine Le Pen, yon fason pou kite lajistis lib pou rapouswiv li anba akizasyon kòmkwa li te “pibliye imaj vyolan.”

Si lajistis ta jwenn Madam Le Pen, ki se kandida alaprezidans pati ekstrèm dwat la koupab, li kapab kondane li pou 3 zan prizon epi fè l peye 79 mil dola amand.

Madam Le Pen kalifye aksyon kòlèg palmantè li yo kòmkwa li baze sou politik, e li deklare se yon mwayen pou gate kanpay li pou pòs prezidan peyi Lafrans.

XS
SM
MD
LG