Amnesti Entènasyonal di gouvènman soudanè a ap itilize zam ki soti nan la Risi ak la Chin pou komèt vyolasyon dwazimen serye kont sivil yo.
Gwoup dwazimen entènasyonal la fè konnen nan yon rapò ke Moskou ak Peken kontinye ap founi katouch zam ak aminisyon malgre gen yon pakèt prèv ki montre ke y ap sèvi ak zam sa yo kont sivil yo nan Dafour.
Oganizasyon an di Larisi ak La Chin bay Soudan yon kantite enpòtan aminisyon, elikoptè, avyon atak, wokèt anlè ak atè ak machin blende.
Amnesti mande Nasyonzini pou l sispann tout transfé entènasyonal Zam nan Soudan e pou l pwolonje yon anbago zam sou tout peyi a.
Kounye la a gouvènman yo dwe resevwa garanti ke zam enpote-yo pa pral sèvi pou komèt move zak.