Accessibility links

Breaking News

Ameriken Nan Plizye Eta Vote Jodia


Patizan kandida pou gouvene eta Vijini Terry McAuliffe gade yon ekran televizyon ki gen sou li pousantaj vwa li genyen, nan vil McLean, Vijini, 2 Nov. 2021.
Patizan kandida pou gouvene eta Vijini Terry McAuliffe gade yon ekran televizyon ki gen sou li pousantaj vwa li genyen, nan vil McLean, Vijini, 2 Nov. 2021.

Elektè Ameriken yo komanse depoze bilten nan plizyè eta bonè maten Madi a nan premye seri eleksyon ki pral teste restriksyon Republiken yo te mete sou vot la. Sa bay responsab elektoral yo tou, yon chans pou kontre tout dezenfomasyon ki tap sikile ane pase a sou sekirite eleksyon yo.

Responsab yo di yo vle montre moun ka vote an sekirite, yon fason lib epi rasire moun ki toujou gen dout sou eleksyon prezidansyèl 2020 an.

Nan eta Vijini, Gen yon kous sere-sere pou gouvene kote demokrat Terry McAuliffe ki te deja sevi kom gouvene ant 2014 ak 2018 poze kandidatu li yon lot fwa anko. Lap fe fas ak biznisman Republiken Glenn Younkin ki popile tou.

Nan Nouyok kous ki soulve plis pale anpil la se pou majistra. Demokrat Brooklyn Eric Adams, yon ansyen kapitel lapolis ki santre kanpay li sou sekirite piblik ap fe fas ak republiken CUrtis Sliwa, ki te fonde gwoup patwouy sivil Guardian Angels la.

E nan Eta New Jerze, elekte yo ap chwazi yon nouvo gouvene. Demokrat Phil Murphy gen anpil chans pou'l ranpote yon dezyem manda kont Republiken Jack CIattarelli, yon ansyen palmante eta a.

Gen kandida Ayisyen-Ameriken ki tap fe konpetisyon pou pos nan eta tankou Nouyok, Massachusetts ak Florid. Nou va bay detay sou kous sa yo nan pwogram Randevou a a 4h EST.

Elektè nan kèk eta Ameriken ap fè fas ak règleman pi sere akoz lwa Republiken yo apwouve nan eta yo kontwole yo.

Madi taka reprezante tou yon chans pou responsab elektoral yo ranseye elektè yo epi kontrekare dezenfomasyon (fo nouvèl) ki kontinye ap sikile sou eleksyon ane pase a.

XS
SM
MD
LG