Accessibility links

Breaking News

Eleksyon ap Dewoule Toupatou Ozetazuni


Yon seri bilten vot nan vil Golden, eta Colorado, 26 Oct. 2021.
Yon seri bilten vot nan vil Golden, eta Colorado, 26 Oct. 2021.

Elektè Ameriken yo komanse depoze bilten nan plizyè eta bonè maten Madi a nan premye sere eleksyon ki pral teste restriksyon Republiken yo te mete sou vot la. Sa bay responsab elektoral yo tou, yon chans pou kontre tout dezenfomasyon ki tap sikile ane pase a sou sekirite eleksyon yo.

Responsab yo di yo vle montre moun ka vote an sekirite, yon fason lib epi rasire moun ki toujou gen dout sou eleksyon prezidansyèl 2020 an.

Elektè nan kèk eta Ameriken ap fè fas ak règleman pi sere akoz lwa Republiken yo apwouve nan eta yo kontwole yo.

Madi taka reprezante tou yon chans pou responsab elektoral yo ranseye elektè yo epi kontrekare dezenfomasyon (fo nouvèl) ki kontinye ap sikile sou eleksyon ane pase a.

XS
SM
MD
LG