Accessibility links

Breaking News

Hillary Clinton Pral Kontinye Mennen Kanpay li nan Kous pou Mezon Blanch l an

Hillary Clinton pandan kanpay li nan Hampton, Illinois, Sept. 5, 2016.
Hillary Clinton pandan kanpay li nan Hampton, Illinois, Sept. 5, 2016.

Aprè yon absans plizyè jou, kandida a la prezidans pati demokrat la, Hillary Clinton gen entansyon rekòmanse fè kanpay jedi 15 septanm.

President Barack Obama pretends to wipe away tears as Democratic presidential candidate Hillary Clinton talks about Malia Obama graduating college, during a campaign event at the Charlotte Convention Center in Charlotte, N.C., July 5, 2016.

Madam Clinton, ansyen sekretè deta Ameriken sou premye manda Preziden Barack Obama a, kontinye ap refè aba yon maladi nemoni ki te mete l kouche nan jou pase yo."Li ba janm bay legen, li pa jam sispann batty, se Hillary Clinton sa a mwen konnen," pou n site deklarasyon premye demokrat nan peyi Etazini an, aktyèl lokatè Mezon Blanch lan, Misye Obama. Prezidan Obama kontinye pou l di e n ap site," Nan moman kriz, madanm Clinton kapab koute moun e mentni kalm li e trete tout moun avèk respè." fen sitasyon. Misye Obama fè deklarasyon sa yo, pandan li t ap mennen kanpay pou kandida pati demokrat la madi 13 septanm 2016 la.

An menm tan, lidè Ameriken an pwofite pase pran rival repibliken an kote li di," Donald Trump pa gen konpetans pou l sèvi kòm kòmandan an chèf Etazini."

Prezidan ameriken an Barack Obama ak Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (foto achiv)
Prezidan ameriken an Barack Obama ak Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton (foto achiv)

XS
SM
MD
LG