Accessibility links

Breaking News

4èm Jedi Mwa Novanm Se yon Jou Thanksgiving ou Action de Grace Ozetazini


Prezidan Barack Obama ak premye dam Michelle Obama ak kèk fanmi ap sèvi manje espesyal, Thanksgiving nan ak moun ki abite nan kay manm Fòs Ame retrete yo nan Washington, 23 novanm, 2016.
Prezidan Barack Obama ak premye dam Michelle Obama ak kèk fanmi ap sèvi manje espesyal, Thanksgiving nan ak moun ki abite nan kay manm Fòs Ame retrete yo nan Washington, 23 novanm, 2016.

Isit Ozetazini, Ameriken yo ap selebre jodi jedi 24 novanm nan yon jounen Thanksgiving oubyen “action de grace” tankou yo toujou fè l chak ane kote yo reyini ak fanmi e ak zanmi pou yon dine tradisyonèl, epi gade parad nan televizyon ak match footbòl zepòl kare ameriken.

Se nan moman sa a tou, yo kòmanse fè acha ki makonnen ak sezon fèt Nwèl ak fen dane yo. Otorite lapolis yo tankou nan vil New York toujou pran gwo mezi pou leve nenpòt defi sekirite. Yo pran tou mezi pou detekte ak anpeche tout sòt atak tankou atak teoris ak bonm e latriye, nan moman gen anpil moun nan lari ki vin gade ou patisipe nan gwo aktivite parad magazin Macy’s òganize chak ane nan vil la.

Baraj ozalantou pou preparasyon parad Macy's la jou Aksyon de Gras la nan New York, 23 novanm, 2016. Plis pase 80 kamyon sanitasyon plen ak sab otorite yo itilize sou wout parad la pou kreye yon baryè fizik kont nenpòt tantativ atak.
Baraj ozalantou pou preparasyon parad Macy's la jou Aksyon de Gras la nan New York, 23 novanm, 2016. Plis pase 80 kamyon sanitasyon plen ak sab otorite yo itilize sou wout parad la pou kreye yon baryè fizik kont nenpòt tantativ atak.

Selon enfòmasyon otorite nan depatman lapolis New York pibliye nan laprès, “Pa gen okenn menas sekirite sou gran sant vil komèsyal Etazini an pou jou action de grace la.” Antouka otorite yo di yo deplwaye 3 mil polisye an inifòm e an sivil sou tout pakou 4 kilomèt kote parad la ap dewoule a.

Lapolis nan New York gen yon defi sekirite anplis pou l leve ane sa a, akòz gwo building de liks kote prezidan eli Ameriken an Donald Trump abite a ki pa lwen ak wout parad Macy's la.

Prezidan eli Ameriken an Donald Trump (diskou Thanksgiving)
Prezidan eli Ameriken an Donald Trump (diskou Thanksgiving)

Sepandan Donald Trump ak fanmi li pap nan New York pandan jounen Thanksgiving nan. Yap pase jou fèt la pito nan Palm Beach, nan eta Florid. Prezidan eli a ap pran 2 jou konje apre li fin pase 2 semèn ap travay di sou nominasyon manm administrasyon li a.

Donald Trump pran tan li pou li lanse yon apèl pou inite pandan jounen fèt action de grace la. Msye Trump di, “ li lè pou n retabli konfyans ant tout sitwayen ameriken, paske lè Ameriken ini yo kapab reyalize yon pakèt bagay.” Milyonè bizisman byen-imobilye a ki jounen jodi a tounen yon pèsonalite politik fè deklarasyon sa a sou yon video li poste sou kont Twitter li.

Mezon Blanch:

Pou yon dènye fwa, Prezidan Barack Obama dirije seremoni tradisyonèl fèt Thanksgiving nan nan Jaden Woz Mezon Blanch lan ansanm ak yon pakèt timoun ki tap tande li e ki tap fè komik sou kodenn Ameriken pral touye pou yo manje jodi a.

Prezidan Barack Obama (Thanksgiving)
Prezidan Barack Obama (Thanksgiving)

Pami timoun ki te prezan yo te gen ti-neve prezidan an, Aaron ki gen 4 tran ak Austin Robinson ki gen 6 zan. Moun pat remake 2 piti fi prezidan Obama yo, Sasha, ki nan laj 15 an, and Malia, 18 an e ki te konn kanpe bò kote l nan seremoni sa ki rele “padonnen kodenn Thanksgiving nasyonal la

Prezidan Obama fè yon blag pou l di medanm li yo Malia ak Shasa di yo pa kapab tande blag kodenn sa yo ankò ke papa yo konn ap fè nan jou action de grace la.

XS
SM
MD
LG