Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Peyi Almay Arete yon Dezyèm Sispèk nan Atak Bèlen an


Chanselye Angela Merkel ak lòt otorite nan Bèlen peyi Almay kap vizite lye atak 19 desanm 2016 la kote yon nonm te antre sou yon gwoup moun ak yon kamyon nan yon Mache Atik Nwè. Foto: 20 desanm 2016.
Chanselye Angela Merkel ak lòt otorite nan Bèlen peyi Almay kap vizite lye atak 19 desanm 2016 la kote yon nonm te antre sou yon gwoup moun ak yon kamyon nan yon Mache Atik Nwè. Foto: 20 desanm 2016.

Otorite alman yo mete anba kòd yon eleman ki se moun peyi Tinizi ki sanble ta gen koneksyon ak Anis Amri, mesye ki te lanse yon atak mòtèl sou yon mache atik Nwèl nan Bèlen.

Pwokirè federal yo fè konnen Jodi mèkredi 28 desanm 2016 la mesye a ki gen 40 lane jwenn arestasyon l apre yo te fin fouye biznis li ak kay kote li rete. Otorite yo fè konnen nimewo telefòn mesye sa a te konsève sou telefòn Amri.

Pwokirè yo gen jiska demen jedi 29 desanm nan pou yo deside si gen ase prèv pou yo chache gen yon manda arestasyon legal kont li.

Amri te kondi yon kamyon ke l te antre sou yon mache chaje ak moun, kote li te touye 12 moun e blese 56 lòt. Lapolis ann Almay te mete yon avi rechèch dèyè li nan tout Ewop la. Amri te tonbe nan afrontman ak lapolis nan peyi Italy 3 jou apre atak la.

XS
SM
MD
LG