Accessibility links

Breaking News

Almay: Aksidan Kamyon nan Mache Atik Nwèl la se yon Atak Teworis


Otorite lapolis kap mennen envestigasyon sou lye atak ak kamyon an nan mache nwèl la nan Bèlen, Almay, 20 desanm, 2016.
Otorite lapolis kap mennen envestigasyon sou lye atak ak kamyon an nan mache nwèl la nan Bèlen, Almay, 20 desanm, 2016.

Lapolis nan Bèlen deklare madi 20 desanm 2016 la,atak kamyon pwa lou nan mache Nwèl la ki rive lendi swa 19 desanm nan mitan kapital Alman an se yon fèt ekspre. Otorite yo fè konnen yo pa gen oken dout ke atak nan mache nwèl la se yon zak teworis.

Chanselyè Alman Angela Merkel ale nan menm sans ak anketè yo kote li kalifye atak Bèlen an kòm yon zak teworis. Dapre dènye bilan an, gen 12 moun ki mouri e 48 lòt ki blese nan atak sa a.

Chanselyè Alman, Angela Merkel, siyen liv kondoleyans lan nan Legliz Memorial nan Bèlen, Almay, Madi, 20 desanm, 2016 la, yon jou apre yon kamyon pran kouri nan yon mache Nwèl nan Bèlen, epi touye plizyè moun.
Chanselyè Alman, Angela Merkel, siyen liv kondoleyans lan nan Legliz Memorial nan Bèlen, Almay, Madi, 20 desanm, 2016 la, yon jou apre yon kamyon pran kouri nan yon mache Nwèl nan Bèlen, epi touye plizyè moun.

Devlopman nouvèl atak teworis sa a ann Almay kreye gwo dram nan mitan pèp la e vin bay plis jarèt pou moun k ap kritike politik imigrasyon gouvènman Madam Merkel la.

Chanselyè alman an fè konnen otè zak la se te yon moun ki tap mande peyi Almay azil politik. Madam Merkel deklare:

“Mwen konnnen sa pral yon bagay ki difisil anpil pou nou sipòte si rezilta dènye ankèt la ta revele ke eleman ki komèt zak la se yon moun ki tap mande peyi Almay pwoteksyon paske li te sibi pèsekisyon politik nan pwòp peyi pa li.”

"Se Merkel ki responsab lanmò sitwayen alman sa yo” se sa youn nan lidè pati dwat popilis la, Altènativ pou Almay (AFD), Marcus Preztzell, ekri sou kont Twitter li an reyaksyon apre atak la ki fèt nan youn nan pi gran mache nwèl nan Bèlen.

"Almay pa an sekirite ankò fas ak gwoup radikal islam yo” Frauke Petry lidè principal AFD a deklare. Misye Petry kesyone e kritike desizyon Chanselyè Merkel te pran pandan ete 2015 lan pou l te ouvè pòt peyi a bay plis pase 1 milyon refijye ki tap kouri pou lagè ak lamizè nan peyi mizilman yo.

XS
SM
MD
LG