Accessibility links

Breaking News

Gwoup Rebèl yo nan Peyi Siri Pa Kwè nan Pwomès Seselfe Larisi Anonse a


Kèk rebèl ki monte yon pickup ak sivil kap kouri kite vil Alèp nan Siri. 30 oktòb, 2016.
Kèk rebèl ki monte yon pickup ak sivil kap kouri kite vil Alèp nan Siri. 30 oktòb, 2016.

Yon seselfe Larisi deklare pou 10 èd tan antre ann aplikasyon nan vil Alèp kote batay yo ap dewoule, pou pèmèt rebel kou sivil kite vil la.

Chèf deta majò Larisi a, Jeneral Valery Gerasimov, fè konnen semèn sa a kanpo a, otorite Siri yo apwouve tou, se pou," Evite fè viktim ki pa nesesè ".

Jeneral la di, rebèl yo ka kite vil Alèp nan direksyon 2 kòridò, youn ki mennen sou fwontyè ak Tiki, e lòt la ki mennen nan vil Idlib. Rebel yo pa oblije remèt zam yo selon jenral Ris la. Gen 6 lòt pasaj ki ouvè pou sivil ki vle wete kò yo.

Sepandan, kèk gwoup rebel nan Alèp rejte òf Larisi a. Gwoup rebèl sa yo akize Larisi kòmkwa l ap bay manti. An menm tan, yo kalifye seselfe a kòm yon trik pou Larisi ka gen bèl figi nan laprès ak devan piblik la.

XS
SM
MD
LG