Accessibility links

Breaking News

Aktris Angela Lansbury Mouri a Laj de 96 zan


Foto Achiv: Aktris Angela Lansbury nan Pasadena, Kalifoni.
Foto Achiv: Aktris Angela Lansbury nan Pasadena, Kalifoni.

Angela Lansbury, aktris Britanik ki te tanmen karye li nan teyat mizikal e ki te ranpòte renome pou pefomans li nan "Mame", "Gypsy" epi pi resaman kòm aktris prensipal nan seri televize "Murder She Wrote," mouri. Li te gen 96 zan.

Lansbury mouri lakay li nan vil Lòs Angeles dapre yon deklarasyon 3 pitit li yo pibliye.

Aktris la ranpote 5 pri Tony pou eksepans nan domen teyat Ameriken an pou pefòmans li yo sou Broadway. Li te ranpòte tou, 5 plizye nominasyon pou pri Oscar kòm meye segon wòl feminen pou film "Gaslight" epi "The Picture of Dorian Gray". Li te ranpòte yon nominasyon pou pri Oscar la tou pou pefòmans li nan film "The Manchurian Candidate" kote li te jwe yon ajan kominis ki te manman akte prensipal la.

XS
SM
MD
LG