Accessibility links

Breaking News

Aksyon Bank Credit Suisse Pèdi Valè nan Moman Kè Sote Global Pa Rapò ak Bank yo Ogmante


Yon afich ki gen non Credit Suisse make sou li sou pis Mache Labous Nouyok la (New York Stock Exchange) nan Nouyok, 15 Mas, 2023.
Yon afich ki gen non Credit Suisse make sou li sou pis Mache Labous Nouyok la (New York Stock Exchange) nan Nouyok, 15 Mas, 2023.

Aksyon bank Credit Suisse yo pedi plis pase yon ka valè yo sou mache d labous la.

Bès istorik sa a vini apre Bank Nasyonal Saoudyen an - ki kontwole majorite aksyon Credit Suisse yo - te di jounalis yo li pap bay bank Suis la okenn lòt lajan pou kontrekare pwoblèm li yo. Desizyon sa a te pran byen lontan anvan 2 bank Ameriken yo te fè fayit.

Tibilans sa koze Mèkredi te lakoz yo te kanpe lavant aksyon Credit Suisse yo sou mache Suis la. An menm tan sa te lakoz valè aksyon lòt bank Ewopeyen yo te plonje desann.

Pandansetan kè sote ap ogmante pa rapò ak sante enstitisyon finansye yo apre Bank Silicon Valley ak Signature Bank -- 2 bank Ameriken -- te fè fayit.

XS
SM
MD
LG