Accessibility links

Breaking News

Akò ant Lachin ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libyen an


Minis afè etranje chinwa a Jiang Yu (foto achiv)
Minis afè etranje chinwa a Jiang Yu (foto achiv)

La Chin fè konnen reprezantan gouvènman pwovizwa Libi a pwomèt pou yo onore tout akò ak trete Tripoli te genyen avèk la Chin aprè Peken fin rekonèt ofisyèlman Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libi a.

Ministè afè etranjè chinwa a, fè konnen Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ankouraje la Chin tou pou l patisipe nan rekonstriksyon Libi e pwomèt pou l pouse pou pi devan developman relasyon ant 2 peyi yo.

Pòtpawol chinwa a Jiang Yu fè konnen Gouvènman chinwa a apiye desizyon pèp Libyen an e li rekonèt tou Konsèy Nasyonal Tranzisyon an kòm administrasyon ki ap dirije Libi e ki reprezante pèp Libyen an.

Konsèy la eksprime sa li pral pousuiv avèk fèmte e li di li pral respekte trete avèk akò Tripoli te siyen avèk la Chin nan le pase.


"Nou dakò avek pozisyon sa a » Pòtpawol Jiang Yu deklare ke Konsèy Nasyonal Tranzisyon an dakò pou l suiv politik yon sèl Chin. La Chin tounen dènye pami manb Konsèy Sekirite l’ONU an ki rekonèt ofisyèlman Konsèy Nasyonal Tranzisyon an kòm gouvenman lejitim peyi Libi."

XS
SM
MD
LG