Accessibility links

Breaking News

Akò ant Japon ak Kore di Sid


Akò ant Japon ak Kore di Sid
Akò ant Japon ak Kore di Sid

Minis Defans nan Japon ak Kore di Sid fè konnen yo dakò pou gen relasyon militè pi sere fas ak yon seri atak ke Kore di Nò te lanse.

Minis Defans japonè an, Toshimi Kitazawa, ak tokay sid koreyen li, Kim Kwanjin, te fè pwogrè tou nan yon reyinyon lendi 10 janvye 2010 a k ap mete fen nan premye akò kowoperasyon ant 2 peyi yo nan domèn defans depi 1945.

Ministè Defans sid koreyen an pibliye yon deklarasyon apre chita-koze ki te fèt nan Seoul, kapital Kore di Sid, kote li fè konnen minis yo dakò ke konpòtman Kore di Nò sa a pa gen lontan – tankou lè l te bonbade yon zile sid koreyen e fè konnen li gen yon pwogram pou anrichi iranyòm – « li pa akseptab. »

XS
SM
MD
LG