Accessibility links

Breaking News

Akò Kowoperasyon ant Lachin ak Brezil


Akò Kowoperasyon ant Lachin ak Brezil
Akò Kowoperasyon ant Lachin ak Brezil

Brezil ak Lachin siyen kontra pou 2 konpayi chinwa achte 35 avyon komèsyal nan men fabrikan brezilyen Embraer brezilyen.

Dapre menm kontra a, Embraer ap gen pou l kòmanse biznis asanblaj avyon nan peyi Lachin.

Responsab yo anonse akò a madi 12 avril la pandan prezidan brezilyen an, Dilma Rouseff, t ap rankontre ak tokay chinwa li, Hu Jintao, nan vil Peken.

Miss Rouseff ap fè premye vizit li nan Lachin depi li te monte o pouvwa a nan mwa janvye ane sa a.

Brezil ak Lachin siyen kontra sa a pou yo ranfòse kowoperasyon yo nan domèn enèji ak agrikilti.

XS
SM
MD
LG