Accessibility links

Breaking News

Ajans L'ONU pou Dwa Moun fè yon Reyinyon Sou Sitiyasyon an nan Libi


Ajans L'ONU pou Dwa Moun fè yon Reyinyon Sou Sitiyasyon an nan Libi
Ajans L'ONU pou Dwa Moun fè yon Reyinyon Sou Sitiyasyon an nan Libi

Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan, Navi Pillay, fè konnen nouvèl sou asasinay pa bann e pa pakèt k ap fèt nan peyi Libi pouse kominote entènasyonal la pase alaksyon pou mete fen nan vyolans kont manifestan yo.

Madam Pillay pale konsa nan yon reyinyon Komisyon l’ONU sou Dwa Moun nan prese òganize vandredi 25 fevriye 2011 a nan vil Jenèv, nan Laswis. Wo komisè a lanse apèl pou l mande yon ankèt endepandan sou nouvèl ki fè konnen plizyè milye Libyen pèdi lavi yo oubyen blese anba men fòs sekirite yo.

Menm jodiya toujou, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, gen pou l pale ak Konsèy Sekirite a nan yon reyinyon kote Konsèy la pral diskite sou repons òganizason mondyal la pou sitiyasyon an nan Libi.

XS
SM
MD
LG