Lafrans fè konnen l ap transpòte asistans medikal nan avyon nan vil Bengazi, alès Libi, nan sa l rele yon operasyon masiv ki vize apiye fòs opozisyon k ap eseye dechouke lidè libyen an, Muammar Gaddafi
Premye minis fransè a, Francois Fillon, di gen 2 avyon ki pral debake nan Bengazi lendi 28 fevriye 2011 la. Avyon sa yo pral transpòte doktè, enfimyè, ekipman medikal, medikaman bay pèp libyen an nan sa Lafrans konsidere kom yon rejyon libere.