Accessibility links

Breaking News

Afrik: Popilasyon an nan Peyi Lesoto ap Pare l pou Lal Vote pou yon Nouvo Dirijan


Yon nonm ka mache tou pre yon afich ki gen foto ansyen premye mInis Lesoto a, Tom Thabane. 31 me 2017 nan Maseru, Lesoto, Afrik.
Yon nonm ka mache tou pre yon afich ki gen foto ansyen premye mInis Lesoto a, Tom Thabane. 31 me 2017 nan Maseru, Lesoto, Afrik.

Peyi Lesoto nan sid Afrik la ap mete tèt pou biwo vòt samdi 3 jen 2017 la. Ti wayòm zwit sa a ki pa gen kontak ak lanmè, pa manke boulvès politik depi kèk lane.

Vòt sa a ap fèt 3 lane anvan lè, apre palmantè yo te fòse premye minis la remèt pouvwa a e apre li te konvoke yon eleksyon rapid olye li demisyone. Prensipal kandida yo nan eleksyon palmantè a antann yo sou kesyon ki pi enpòtan yo: Pèp la nan peyi sa a ki vin pòv e ki plase nan mòn, li bezwen jwenn dlo ak elektrisite, meyè edikasyon ak sèvis sante, ak plis opòtinite pou djòb.

Obsèvatè akize koalisyon ki sou pouvwa a pou kòripsyon ak abi kont dwa moun.

XS
SM
MD
LG