Accessibility links

Breaking News

Afrik: Atak Kont yon Konvwa Nasyonzini nan Repiblik Demokratik Kongo


Des soldats marocains de la force de l'ONU MONUSCO patrouillent la route dans la zone de Kibumba dans le parc national des Virunga, à 25 km de Goma, le 22 février 2021.
Des soldats marocains de la force de l'ONU MONUSCO patrouillent la route dans la zone de Kibumba dans le parc national des Virunga, à 25 km de Goma, le 22 février 2021.

Omwen twa moun blese pandan ensidan an.

Twa anplwaye ajans refijye Nasyonzini an (UNHCR) te blese nan yon atak Mèkredi, kote yon gwoup ame te tire sou konvwa yo a nan lès peyi Repiblik Demokratik Kongo a.

Nan yon deklarasyon UNHCR te di: "Bandi ke nou pa rive idantifye te louvri katouch sou yon konvwa Nasyonzini ki t ap vwayaje nan RDC.

"Yon veyikil UNHCR, ajans refijye Nasyonzini an, te frape, twa nan anplwaye yo te blese."

Li ajoute ke twa moun yo "te resevwa asistans medikal ijans. Yon eskòt te vin ba yo sekirite epi yo te transpòte yo nan yon lopital kote yo te al resevwa tretman."

Atak la te fèt nan vil Mambassa, nan teritwa Lubero, nan pwovens Nò Kivu.

XS
SM
MD
LG