Accessibility links

Breaking News

Afrik: Sitiyasyon an sou Kontwòl Lapolis Apre yon Atak Teworis nan Boukina Faso


Lapolis kap evakye moun ki blese yo nan yon atak teworis ki fèt sou yon restoran nan Boukina Faso.
Lapolis kap evakye moun ki blese yo nan yon atak teworis ki fèt sou yon restoran nan Boukina Faso.

Fòs sekirite yo nan Boukina Faso mete fen nan operasyon yo a kont nèg ame ki te ouvè kout zam, dimanch 13 out 2017 la, sou yon restoran nan kapital peyi a, kote yo touye 18 moun pou pi piti e blese 8 lòt.

Minis Kominikasyon Remis Dandjinou fè konnen moun ki mouri yo se "sitou timoun ak fanm" e ke bilan an ka ogmante toujou. Otorite yo fè konnen tou, pami viktim yo gen moun Boukina Faso ak etranje.

XS
SM
MD
LG