Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 8 Moun Mouri, Plizyè Lòt Blese nan yon Atak Kamikaz


 Atak nan Kaboul, Afganistan toupre zòn kote diplomat yo rete.
Atak nan Kaboul, Afganistan toupre zòn kote diplomat yo rete.

Yon kamikaz ak bonm atake zòn kote diplomat yo tabli nan kapital Afganistan an Kaboul, kote yo touye pou pi piti 8 moun e blese plizyè lòt, dapre responsab yo nan ministè sante a. Gwoup Eta Islamik la revandike responsablite pou atak la.

Mwa sa a deja, yon kamikaz te fè sote eksplozif ki te sou li toupre akademi militè nan kapital Afganistan an, kote li touye 15 kadè e blese plizyè lòt. Gwoup Taliban an te revandike responsablite pou atanta ak bonm nan.

Nan menm semèn nan, yon kamikaz te antre nan yon moske mizilman Shiyit nan Kaboul, e touye anviwon 50 fidèl. Gwoup Eta Islamik la te fè konnen se li ki te òganize atak la.

XS
SM
MD
LG