Accessibility links

Breaking News

Pwodiksyon Dwòg Opyòm Ogmante a 87 Pousan ann Afganistan


Kiltivatè afgan kap rekòlte opyòm nan yon jaden nan Zhari, pwovens Kandahar sid, Afganistan. (Foto: AP/ Allauddin Khan 11 avril 2016.)
Kiltivatè afgan kap rekòlte opyòm nan yon jaden nan Zhari, pwovens Kandahar sid, Afganistan. (Foto: AP/ Allauddin Khan 11 avril 2016.)

Afganistan pwodui yon kantite rekò 9 mil tòn metrik opyòm ane sa a, kidonk 87 pousan pi plis, konpare ak nivo 2016 yo.

Otorite yo rekonèt gwo ogmantasyon sa a nan yon nouvo sondaj ki parèt mèkredi 15 novanm 2017 la e ki se rezilta travay Ministè Kont Nakotik ansanm ak Biwo l ONU sou Dwòg ak Krim ki gen ti non ann Angle UNODC.

An 2016, pwodiksyon opyòm te rive nan 4 mil 900 tòn metrik nan Afganistan, pi gwo kiltivatè opyòm ak ewoyin nan mond la.

XS
SM
MD
LG