Accessibility links

Breaking News

9 Sivil, Pami yo Fanm ak Timoun Pèdi Lavi yo Anba Frap Aeryen nan Afganistan Dapre yon Rapò Nasyon Zini


Yon sòlda Lamarin Ameriken nan Afganistán. Foto: 25 aout 2011. (AP/Brennan Linsley, File)
Yon sòlda Lamarin Ameriken nan Afganistán. Foto: 25 aout 2011. (AP/Brennan Linsley, File)

Nasyon Zini anonse madi 25 septanm 2018 la li resevwa "plizyè akizasyon ke l ka fè konfyans" ki fè konnen frap aeryen fòs anfavè gouvènman Afganistan an lanse kont Taliban touye pou pi piti 9 sivil, pifò nan yo fanm ak timoun.

Misyon Asistans l ONU nan Afganistan (UNAMA) eksprime kè sote poutèt plis sivil ap viktim ane sa a akoz frap aeryen nan peyi a, konfli fin ravaje.

Dènye ensidan kote sivil pèdi lavi yo a rive samdi a nan pwovens nan nòdès peyi a kote frap sa yo detwi kay yon pwofesè, dapre UNAMA. UNAMA fè konnen li pa klè touswit si se fòs militè entènasyonal ke Etazini ak dirije a oubyen si se fòs avyasyon militè Afganistan an ki lanse frap la.

Yon deklarasyon lame Etazini ki parèt lendi 24 septanm nan Kapisa a konfime frap aeryen an nan Kapisa, kote 6 manm milis ki anfavè gouvènman lokal la pèdi lavi yo. Sepandan, li demanti ke atak la lakoz "lanmò moun ki pa konbatan"

XS
SM
MD
LG