Nan Afganistan, pwotestasyon vyolan dewoule mèkredi 18 me 2011la nan pati nò peyi a, apre otorite lokal yo te fè konnen yon operasyon l’OTAN te lanse touye 4 sivil.
Pami viktim yo ta genyen 2 fanm. Nan yon deklarasyon l’OTAN fè parèt, li di tou lè 4 moun yo sete militan.
Daprè yon responsab medikal lokal, omwen 10 moun mouri e 50 lòt blese nan mouvman manifestasyon ki pete apre operasyon l’OTAN an ki te fèt nan vil Taloqan, nan pwovens Tashkar.